AYITI/ENSEKIRITE: ANBASAD AMERIKEN ANONSE YON GWO MALÈ SOU PEYI A POU JOUNEN MADI A.

Nan yon alèt ki pote dat premye novanm 2021, Anbasad ameriken nan peyi Dayiti anonse yon gwo malè pandye sou peyi Dayiti pou jounen madi 2 novanm 2021 an.

Selon alèt la, plizyè bandi gen nan pwogram yo pou atake plizyè biwo leta epi kreye anpil latwoublay nan peyi a, yo gen plan pou itilize menm teknik mesye fantom 509 yo te konn itilize yo, alèt la pa di ki gwoup bandi kap gen pou pa pran lari a. Selon alèt la bandi yo ap gen pou deplwaye sou moto.

Nan sans sa, yo mande tout resòtisan yo pou evite pran lari a san bezwen jounen madi 2 novanm 2021 an pou yo pa viktim anba kout zam bandi sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …