AYITI/SENDOMENG/DIPLOMASI: GOUVÈNMAN DOMINIKEN AN KANPE ESPESYAL VIZA ETIDYAN

Gouvènman dominiken an kanpe « indéfiniment » pwogram viza espesyal pou etidyan ayisyen yo ki ap etidye an repiblik dominikèn.

Nan yon twit vis minis kongrè ak zafè migratwa a, Jatzel Romàn, fè lendi 1 novanm nan aswè, li fè konnen gouvènman dominiken an kanpe « indéfiniment » espesyal viza pou etidyan an.

Dezisyon sa vini apre chanselye ayisyen an, Claude Joseph, fè konnen repiblik dominikèn gen pwoblèm ensekirite lakay li tou e sou baz sa, se de peyi yo ki pou mete tèt yo ansanm pou sekirize zile a.

 

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: Haitilibre

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …