AYITI/ POLITIK: YON ANSYEN DEPITE AYISYEN DI SENDOMENG PA INOSAN NAN PWOBLÈM ENSEKIRITE AYITI A

Nan yon twit ansyen depite Alfredo Antoine fè jounen madi 2 novanm 2021 an, ansyen palmantè a raple tout Ayisyen pou yo pa janm bliye avyon prive sa kite soti nan peyi sendomeng avèk sis (6) mèsenè ki te nan touye prezidan Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021.

Peyi sendomeng pa inosan nan pwoblèm ensekirite kap fin tchake tisi sosyal peyi Dayiti an, deklarasyon ansyen depite keskòf la Alfredo Antoine. Pilwen, ansyen palmantè a fè remake avyon sa se pou yon ansyen kandida pou pòs prezidan nan peyi sendomeng.

Nap fè remake, depi kèk jou, gouvènman peyi vwazen an deplwaye pou pi piti 11 000 militè sou fontyè ki separe li ak peyi Ayiti.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …