AYITI/MIGRAN: LAPOLIS NAN PEYI GWATEMALA JWENN 54 AYISYEN NAN REMÒK YON KAMYON, LADAN YO 14 TIMOUN.

Lapolis nan peyi Gwatemala dekouvri jounen madi 2 novanm 2021 an, 54 ayisyen ki te kache nan remòk yon kamyon ki tap tante rantre nan peyi Meksik nan objektif pou rive nan peyi Etazini.

Nan 54 ayisyen sa yo gen 14 timoun, 20 fanm ak 20 gason, genyoun nan timoun yo ki pou kont li ki pa gen okenn moun ki te ansanm avèk li, selon otorite Gwatemala yo migran ayisyen sa yo rive travèse ilegalman fwontyè ki separe peyi Ondiras ak peyi Gwatemala.

Ayisyen sa yo ki te jwenn èd rapid vit selon lapolis Gwatemala retounen nan El Florido kote yo te soti a, pilwen yo fè konnen yo mete anba kòd de (2) gwatemaltèk ki sispèk kòm moun ki ede migran yo travèse fwontyè a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …