LEMOND/ KATASTWÒF: DIS (10) MOUN MOURI NAN PEYI KOLONBI PANDAN YON GLISMANN TÈ

Gwo lapli ki tonbe sou peyi Kolonbi, pwovoke deboulonnay tè lakoz dis (10) moun mouri nan sidès peyi Kolonbi, selon enfòmasyon otorite yo kominike bay jounalis sou dram sa a.

Nan lannwit lendi pou louvri madi de (2) novanm 2021 an, yon gwo deboulonnay tè nan vil  » Mallama », ki twouvel nan depatman « Narino », ki tou prè fontyè Ekwatè, selon responsab administrasyon rejyonal jesyon katastwòf, Jader Gaviria.

 » Uit (8) fanm pami viktim yo, malerezman », deklarasyon Jader Gaviria, fè konnen sèvis sekou yo kontinye ap chache viktim katastwòf la, pou kounye a ki evalye ak dis (10) viktim, pami yo uit (8) fanm. Mouche Jader Gaviria, presize pandan rechèch yo sekouris yo rive sove nèf (9) moun, de (2) ladan yo blese grav.

Pou fini, responsab rejyonal administrasyon jesyon katastwòf Jader Gaviria, deklare vil « Mallama », gen pou pi piti sèt (7) mil moun ki ap viv ladanl kote lapli ki te moun sa yo nan fènwa depi madi de (2) novanm lan.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …