AYITI/SENDOMENG : « RESPONSABILITE PA M SE PWOTEJE REPIBLIK DOMINIKÈN », LUIS ABINADER

_Prezidan dominiken an fè konnen, jounen mèkredi 3 novanm lan, responsabilite pa li se pwoteje repiblik dominikèn e nan sans sa, gen plis pase 3500 sòlda sou fwontyè ayisyano-dominiken an._

Yon lòt fwa ankò, chèf Leta dominiken an te pale sou koze ensekirite ki ap brase bil peyi Dayiti a.  » Responsabilite mwen se pwoteje Sendomeng », Luis Abinader.

Premye sitwayen dominiken an, pi lwen, fè konnen gen plis pase 3500 sòlda ki sou fwontyè ayisyano-dominiken an nan lide pou anpeche enstabilite ki Ayiti a frape teritwa Sendomeng lan.

N ap raple, Luis Abinader, se youn nan prezidan peyi rejyon Karayib la ki toujou ap mande pou Etazini, Lafrans ak inyon Ewopeyèn mete lòd nan koze gang kap pyafe an Ayiti.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …