AYITI/ ZEN/ IJAN: CHÈF GANG « BARBECUE » ANONSE LI PRAL MACHE PRAN ARIEL HENRY

Pòt pawòl gwoup nèg ak zam ki pote non  » G9 Fanmi ak alye », Jimmy Cherisier, alyas « Barbecue » anonse li pral mache pran premye minis defakto doktè Ariel Henry, li estime ki vin tyoul sistèm peze souse a.

Ansyen polisye ki te nan kò inite depatmantal mete lòd (UDMO), Jimmy Cherisier alyas « Barbecue » ki t ap òganize yon piwèt ak laprès lokal ak entènasyonal nan plizyè zòn  » G9″ okipe pami yo Lasalin, pou montre move Kondisyon lavi moun kap viv nan zòn sa yo ye.

 » Se sistèm lan menm, ki gen laprès, ki gen òganizasyon dwa moun, yo gen moun nan aparèy jistis la. Mwen pa gang m ap batay pou moun ki sòti nan menm klas ak mwen yo », deklarasyon pòt pawòl « G9″ la,  » Barbecue », ki dénonce premye minis Ariel Henry ak lòt manm nan gouvènman li an tankou minis jistis Liszt Quitel, ki sispèk nan kidnapin.

N ap raple, ni premye minis Ariel Henry ak minis jistis Liszt Quitel gen abitid kouri anba bal gwoup nèg ak zam « G9 fanmi ak alye ».

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …