AYITI/NOFRAJ: SEMANAH BAY YON DÈNYE BILANPASYÈL SOU NOFRAJ BATO ECCLESIASTE LA

_Nan yon konferans pou laprès Eric junior Prevost, direktè sèvis maritin navigasyon Dayiti ( SEMANAH) bay, li fè konnen bilan pasyèl nofraj bato ki t ap fè trajè Ansapit/ Marigo a se 20 moun ki pèdi lavi yo ak 8 lòt ki lopital ki ap pran swen ak anviwon 30 moun ki gentan ale jwenn fanmi yo. Mesye Prevost pwofite okazyon an pou li anonse direksyon jeneral Semanah revoke kat reprezantan li nan Sidès paske yo pat vin travay jou nofraj la fèt la._

Kapitèn bato a ak amatè bato a gen yon manda « d’amener » ki desène kont li ». Toutfwa, daprè titilè Semanah a, kapitèn bato a ta sanble fè pati moun ki mouri nan nofraj la.

Mesye Prevost, pi lwen, fè konnen gen dezisyon Semanah pran nan tèt kole ak pwoteksyon sivil e meri Marigo. » Nan bwase lide ki t ap fèt, nou pran desizyon pou nou kanpe trafik la jiska nouvèlòd ».

Daprè responsab Semanah a, desizyon sa pran paske jeneralman trajè Ansapit/Marigo a fèt lannuit. « Bato yo ap soti ant 9è ak 10è nan aswè pou yo rive vè 4è osnon 6è nan maten. Lè yon bato ta gen yon pwoblèm lannuit, vin gen plis difikilte pou w al sove lavi moun », jistifye mesye Prevost.

Parapò ak refleksyon sa yo, gen posibilite pou nou chanje orè a. » Nou kòmanse reflechi pou chanje orè trafik Ansapit/Marigo e Marigo/Ansapit », daprè Eric junior Prevost.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …