AYITI/ASASINA: DIPLOMAT AMERIKEN AN DANIEL FOOTE LAGE PREMYE MINIS DEFAKTO A ARIEL HENRY NAN GWO KOURI.

Diplomat ameriken, Daniel Foote, nan yon entèvyou ak medya ameriken « CBS », jounen vandredi senk (5) novanm 2021 an, pa etire inosans premye minis Ariel Henry nan asasinay defen Jovenel Moïse.

 » Premye minis defakto Ariel Henry, dwe bay bon jan esplikasyon ak pèp ayisyen an sou asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse », deklarasyon ansyen anvwaye espesyal Etazini nan peyi a. Pilwen diplomat la, kontinye pou li di : » mwen paka reponn ak sa. Men chaje bagay ki pa fin klè nan dosye a tankou apèl telefòn yo, avan ak aprè asasinay la ».

« Premye minis defakto a dwe esplike tout enfòmasyon kap sikile ki fè kwè kel ta gen dwèt tranpe nan zak asasinay ansyen prezidan Jovenel la ». Toujou deklarasyon Daniel Foote, nan mikwo jounalis « CBS » yo.

N ap raple, diplomat Daniel Foote, ki te anvwaye espesyal administrasyon prezidan Joe Biden lan, nan ede rezoud kriz la nan peyi Ayiti. Kèk semèn aprè, ki ta pral demisyone epi denonse konpòtman woulem de bò peyi Etazini nan jere kriz la nan peyi a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …