AYITI/ASASINA: YOUN NAN PITIT GASON ANSYEN PREZIDAN JOVENEL YO METE YON ENFÒMASYON KI TE KACHE DEYÒ.

Premye pitit gason defen prezidan Jovenel Moïse, Joverlin Moïse, revele li te pran nan yon anbiskad aprè asasinay ansyen chèf Leta Jovenel Moïse nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an. Pitit gason, defen Jovenel Moïse la, esplike li te pran nan yon anbiskad nan moman li ta prale nan anbasad ameriken pou sove lavil ak fanmi li.

 » Mwen gen anpil enfòmasyon sou asasinay papa mwen », deklarasyon Joverlin Moïse, fè nan emisyon  » Le point », sou tele metwopòl. Viktim lan, ki fè konnen seri enfòmasyon sa yo kel pataje ak kabinè avoka li kapab itil nan ankèt sou asasinay papa li ak otorite nan lajistis peyi Ayiti yo.

N ap raple, Joverlin Moïse, oblije kite peyi a pou al viv nan peyi Kanada, akoz anpil menas li t ap sibi aprè asasinay papal. Selon sa, li te esplike ak medya nan peyi Kanada.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …