AYITI/ POLITIK : YON PATI NAN SOSYETE SIVIL LA CHWAZI MAJISTRA WILSON KÒM PREZIDAN PWOVIZWA

Plizyè gwoup nan sosyete sivil la, di yo chwazi majistra komin Dèlma, Wilson Jeudi, kòm prezidan pou ede rezoud kriz aktyèl la nan peyi a.

Nan yon konferans pou laprès, jounen vandredi senk (5) novanm 2021 an, Djimy Pierre ak François Dorvilier, ki pale nan non gwoupman fè konnen yo fè chwa majistra Wilson Jeudi pou kòm prezidan pwovizwa parapò ak ansanm travay li reyalize nan tèt meri Dèlma, depi lè li majistra.

Gwoupman sa nan sosyete sivil la, mande ansanm lòt sektè yo pou kapab fè yon sèl kout kle pou rive chwazi Wilson Jeudi, pou vin dirije peyi a pandan tranzisyon an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …