_Ansyen senatè Moïse Jean Charles resevwa tit onorifik » doktora Honoris Causa » nan peyi Etazini samdi 6 novanm 2021 an._
Moïse Jean Charles, ansyen kandida pou pòs prezidan nan eleksyon prezidansyèl 2015 la, resevwa nan establisman « cornerstonne Christian University »( CCU) nan eta Florid tit onorifik doktora « Honoris Causa ». Seremoni an dewoule nan lokal Inivèsite a.
« Yo p ap rele m senatè, ni Moïse Jean Charles ankò, yo pral rele m doktè Moïse Jean Charles », deklare lidè pati politik pitit Dessalines nan.
Jackson junior Rinvil