ESPÒ/LIGA: BARCELONE AP PREZANTE NOUVO ANTRENÈ KLÈB LA LENDI NAN CAMP NOU AN.

_Barcelone ap prezante nouvo antrenè ekip la, Xavi Hernandez, lendi 8 novanm 2021 nan estad Camp Nou an, kote klèb Katalan an resevwa match jeneralman, anonse klèb la nan yon kominike._

Ekip Katalan an jwenn ranplasan Ronald Koeman. E se ansyen jwè, kapitèn ekip la Xavi Hernandez ki pral kotche klèb Katalan an.

Pwiske kontra a fin siyen ak dirijan yo ak Xavi, klèb la ap prezante antrenè a bay fanatik yo ak medya yo lendi 8 novanm 2021.

« Evenman an ap louvri pou piblik la nan Camp Nou an. Apre sa, Xavi Hernandez ap gen pou pale ak medya yo nan sal konferans pou laprès Ricard Maxens », prezize kominike a.

Youn nan objektif Xavi Hernandez se pral remete ekip la nan nivo li te ye nan lane 2015 yo kote nan epòk sa klèb la te konn ranpòte pou pi piti de tit chanpyon sou yon sezon.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …