AYITI /ASASINAY : YON GWOUP AYISYEN NAN DYASPORA A MANIFESTE DOUVAN ONI POU MANDE JISTIS POU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.

Yon gwoup Ayisyen nan dyaspora nan Eta Nouyòk, ki sòti nan twa (3) estrikti Alyans demokratik kont tranzisyon an Ayiti ( ADEKTRA), moun afè bon TV, fondasyon John Busta manifeste jounen dimanch 7 novanm lan devan Òganizasyon Nasyon Ini (ONI), pou kontinye reklame jistis pou ansyen prezidan Jovenel Moïse, ki te asasinen nan dat sèt (7) jiyè 2021 an, lakay li nan Pèleren senk (5) komin Petyonvil.

Selon gwoup manifestan yo ki tap fè pase fristrasyon yo devan biwo (ONI) an, montre anpil dezolasyon, imilyasyon pou vin reklame jistis pou yon prezidan ki asasinen sou pouvwa ki anba konplo yon bann gwo pwotanta nan peyi a nan ekonomi, politik.

Gwoup manifestan sa yo ale pilwen, pou fè konnen depi se moun ki ap mande pi bon lavi, liberasyon ak chanjman pou ras nwa yo, toujou gen moun ki fè touye yo, egzanp Jean Jacques Dessalines, Thomas Sankara ak Jovenel Moïse.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …