ENSEKIRITE NAN MATISAN : ARIEL HENRY, FRANTZ ELBE AK LIST QUITEL VOYE JE GADE MATISAN

Rantre Sid Kapital la, nan nivo Matisan tounen yon kafou lanmò depi apre lagè ki retounen eklate ant plizyè gwoup gang depi plizyè semèn. Nèg ak zam ap touye ak fouye popilasyon sivil ki ap pran wout Matisan pou yo ale chache lavi miyò. Aksyon sa yo fèt anba je, swa konplis osnon pasif direktè jeneral Lapolis la, Frantz Elbé, minis jistis ak sekirite piblik e enteryè, Liszt Quitel ak tou premye minis ayisyen an, Ariel Henry.

Rantre Sid Kapital la relye plizyè depatman. Se yon wout moun ki ap soti nan Gran Sid la pa ka pa fè pou yo ale Pòtoprens. Alòske, depi kèk tan, se nèg ak zam ki ap kontwole rantre sid kapital la.

Nèg ak zam nan matisan pran plezi nan fouye ak touye inosan swa ki sot chache lavi osnon swa ki pral chache lavi. Moun yo bouke. Nèg ak zam tire sou machin trafik pou bon plezi. Alòske, moun ki nan machin yo se yon pakèt malere san defans, ki lage de bwa balanse ki ap bat dlo pou yo fè bè. Moun sa yo pa yon danje pou nèg ak zam ki ap fè lalwa nan Matisan.

Premye minis, Direktè jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti, minis jistis ak sekirite piblik ak minis enteryè fè yon koudèy sou Matisan. Nou touche pou sa. Se moun ki ap pase la. Nou konnen pi fò aktivite peyi a ( Inivèsite, travay, biznis) se nan mitan vil la yo chita. Gen yon pakèt moun, pou yo nan aktivite sa yo, se Matisan yo oblije pase.

Samdi 6 novanm 2021 an, nèg ak zam ouvè katouch sou yon machin k ap pase. Gen yon dam 95 lane ki mouri touswit. Sa pa di nou anyen? N ap kite tout moun fin mouri nan travèse Matisan ? Moun Grand Sid la bezwen kapab travèse Matisan sèlman.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …