ELEKSYON /NIKARAGWA: NICOLAS MADURO SALYE VIKTWA DANIEL ORTEGA

Prezidan peyi Venezyela a, Nicolas Maduro, kontreman ak Joe Biden, salye viktwa omològ li Daniel Ortega nan eleksyon prezidansyèl dimanch 7 novanm 2021 an.

Chèf Leta venezyelyen an fè konnen nan yon alokisyon televize gen moun ki renmen peyi Nikaragwa. « Enperyalis ak alye Ewopeyen yo ki ap ranpe ap lonje dwèt sou Nikaragwa, men gen moun ki renmen Nikaragwa », deklare Nicolas Maduro avan li ajoute » gen moun ki ap defann Nikaragwa ».

Daniel Ortega, pou yon katriyèm fwa, ranpòte eleksyon prezidansyèl yo dimanch 7 novanm an ak 75% vwa, daprè rezilta ofisyèl yo.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …