AYITI/ GAZ: YON FAKILTE NAN INIVÈSITE LETA KANPE KOUL AKOZ LI PA JWENN GAZ

Nan yon kominke dekana, fakilte syans yo ki gen sig nan lang fransè (FDS), mete deyò dimanch sèt (7) novanm 2021 an, fè konnen depi lendi uit (8) tout kou sispann akoz pwoblèm gaz la ki gen nan peyi a.

 » dekana, fakilte syans yo (FDS), ap enfòme piblik la, manm kominote inivèsite a, an patikilye, depi lendi uit (8) novanm 2021 an, kou fakilte a ap kanpe akoz kriz gaz la », daprè sa nou li nan kominike ki pote siyati manm konsèy direksyon an, ki ajoute ke yo ap fè jefò pou sèvis administratif ta kapab fonksyone.

N ap raple, kriz gaz la ki touche tout sektè nan peyi a tankou plizyè lopital nan peyi a deja redwi nan sèvis yo, radyo yo redwi nan pwogramasyon yo, bank ap fonksyone twa (3) jou nan peyi a, yon sitiyasyon ki ta dwe revòlte tout ayisyen, daprè kèk sitwayen ki ap obsève.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …