LEMONN/SINEMA: VIN DIESEL FÈ YON DEMANN AK DWAYNE JOHNSON POU DÈNYE FRANCHIZ « FAST AND FURIOUS » LA

_Vin Diesel ak Dwayne Johnson fache depi plizyè lane. Malgre sa, aktè ki entèpret Dominic Torreto a voye yon mesaj sou enstagram bay » The Rock » pou li mande li pou li bliye sa ki te pase yo pou li patisipe nan dènye » Fast and Furious » la._

Vin Diesel vle fè lapè ak Dwayne Johnson. Aktè oliwoud la, sou enstagram, mande Dwayne Johnson pou li patisipe nan dènye franchiz Fast and Furious la ki ap fèt pandan de tan.

« Ti frè m Dwayne lè a rive », ekri Vin Diesel sou yon foto li menm ak Dwayne Johnson. « Lemonn ap tann final Fast and Furious 10 la. Jan w konnen sa, lakay mwen pitit mwen yo rele w tonton Dwayne. Poko janm gen yon fèt ki pase pou w pa voye bon ve w », ekri Vin Diesel.

« Moman an rive. Eritaj la ap tann ou. M te di w depi plizyè lane m ap onore pwomès mwen anvè Pablo [Sounon Paul Walker]. M te jire n ap kite meyè a pou fen an, e se pral nimewo 10 la », ajoute pèsonaj Dominic Torreto a.

Vin Diesel fini mesaj la pou li di Dwayne Johnson se lanmou ki pouse l fè sa.  » Ou dwe vini. Ou gen yon wòl enpòtan pou jwe. Okenn lòt moun pa ka jwe Hobbes. M espere w ap sezi opòtinite a pou w ka akonpli desten w », ekri aktè a.

Kòmanse nan lane 2001, franchiz Fast and Furious la pral fini avèk yon final ki ap gen de fim sa k ap fè saga a gen 11 pati. Fast and Furious 10 la dwe soti an sal 7 avril 2023.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …