AYITI/GAZ: DAPRÈ DIREKTÈ JENERAL LAPOLIS LA SE PA ENSEKIRITE KI LAKOZ GAZ PA SOTI NAN TÈMINAL VARE A

_Nan yon konferans pou laprès konsèy siperyè polis nasyonal la bay madi 9 novanm 2021, direktè Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti, Frantz Elbé, sou kesyon gaz la, fè konnen se pa pwoblèm ensekirite ki lakoz gaz la pa ka soti nan tèminal vare a_ .

Chèf Lapolis la ki tap entèvni sou kriz gaz peyi Dayiti ap fè fas depi plizyè semèn, fè konnen gen yon dispozitif sekirite ki mete ki fasilite yon pakèt pwodui soti anndan tèminal vare a.

« Pou kesyon gaz, se pa mwen ki pral chwazi ki atik ki pou soti ; si se gaz ki pou soti paske gen plizyè aktè ki enplike nan pwosesis la », deklare Frantz Elbé, responsab Lapolis Nasyonal Dayiti a ki, pi lwen, fè konnen Lapolis Nasyonal Dayiti asime responsabilite li e mande lòt aktè yo pou yo fè menm jan.

Yon lòt kote, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti a poko di kilè sitwayen pezib ap ka travèse Matisan pou ale nan aktivite yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …