AYITI/ JISTIS :  » ANPIL GWO DOSYE DISPARÈT NAN KAS KI TE FÈT NAN GRÈF TRIBINAL PREMYE ENSTANS PÒTOPRENS LAN », DAPRÈ FONDASYON JE KLERE

Fondasyon Je klere (FJKL), kondane ak tout fòs li seri zak vòl ki ap fèt toutan nan grèf Tribinal premye enstans Pòtoprens lan, nan kad ankèt yo rive mennen jwenn gen plizyè dosye ki disparèt nan grèf tribinal la nan dènye zak kanbriyolaj ki fèt ven uit (28) oktòb pase a.

Direktris egzekitif Fondasyon Je Klere (FJKL), Marie Yolene Gilles, fè konnen selon ankèt FJKL mennen sou zak kanbriyolaj nan dat ven uit (28) dawout 2021 an, kote gen anpil dosye ki disparèt pami yo kaye enstriksyon dosye asasinay mèt Monferrier Dorval la ak kaye deklarasyon patrimwàn sòti lane 2009 pou rive nan lane 2021.

Defansè dwa moun lan, poze kesyon sou seri zak sa yo. Pandan li mande ak otorite yo pou louvri yon ankèt sou seri zak kanbriyolaj k ap fèt nan grèf tribinal yo nan peyi a, sitou tribinal premye enstans Pòtoprens.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …