AYITI/KIDNAPIN : LAPOLIS NAN TÈT KOLE AK POPILASYON AN RIVE LIBERE YON DAM KE BANDI TE KIDNAPE NAN SID PEYI A.

Marie Saint Vincent, ke bandi nan zòn Sinai ki chita kò li nan komin Koto, rive jwenn liberasyon li anba men kidnapè yo apre yon operasyon lapolis nan tèt kole ak popilasyon an epi pakè koto jounen vandredi 12 novanm 2021 an.

Pandan operasyon sila twa (3) bandi rive bwè dlo bouch yo nan echanj kout zam ak lapolis, youn ladan yo te tonbe anba men popilasyon ki bal santans li, lapolis rive sezi de (2) fizi, yon manchèt, yon baton ki te nan men bandi yo selon enfo nou rive jwenn e ki konfime pa pòt pawòl polis sid la Pierre Yves Lessage.

Nap raple operasyon sa te Mennen pa inite depatmantal met lòd ki gen sig nan lang franse UDMO.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …