AYITI/ASASINA: YON GWO BOUT TONTON NAN MOUN KI AKIZE NAN TOUYE JOVENEL YO ANBA KÒD.

Lapolis nan peyi Tiki arete jounen lendi 15 novanm 2021 an antreprenè Samir Handal, youn nan prezime asasen nan lanmò Jovenel Moïse la ki te gen manda ki te lanse dèyè l.

Yo tap suiv Samir Handal depi de (2) jou. Yo arete li nan peyi Tiki. Li sou kontwòl otorite Tik yo », rapòte yon sous diplomatik nan jounal Le Nouvelliste.

Daprè sous diplomatik la, yo te okouran Samir Handal ta pral travèse nan peyi Tiki se sa ki lakoz diplomasi ayisyen an te kopere avèk diplomasi Tik la. » Kounya nou pral travay sou ekstradisyon l. Se yon gwo nan aboutisman ankèt la ».

N ap raple, pami moun ki gen manda dèyè yo nan kad ankèt ki ap mennen sou asasina ansyen chèf Leta peyi a, Jovenel Moïse, gen Joseph Badio Félix, John Joël Joseph ak Wendelle Cop Thélot.

 

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …