AYITI/ SANTE: KÈK KONSÈY POUW POTEJE AK FÈ PREVANSYON KONT MALADI SIK

Nan okazyon jounen mondyal dyabèt  » maladi sik » ki selebre chak 14 novanm ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP), bay kèk konsèy pou fè prevansyon kont maladi sik ak kèk siy epi sentòm maladi a.

Nan sousi pou sansibilize plis moun sou maladi dyabèt la ( maladi) sik, MSPP pataje yon pakèt mesaj sou diferan kanal ofisyèl kominikasyon li yo jounen dimanch 14 novanm nan.

Fason pou yon moun fè prevansyon kont maladi sik

– Kontwole gwosè w( evite pou pa two gwo)
– Manje bon jan manje ekilibre ( manje fwi ak legim)
– Fè espò pou piti 30 minit chak jou
– Pa fimen
– Redui jan w kapab, kantite estrès ou ( repoze w ak domi ase).

Men kèk siy ak sentòm maladi sik

– Fatig, dòmi nan je tout tan
– Pipi souvan
– Swaf dlo souvan
– Bouch sèch
– Pa wè byen
– Grangou anpil
– Souvan an kolè

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …