_Ansyen premye minis peyi Dayiti sou administrasyon Michel Joseph Martelly a, Laurent Lamothe, fè konnen Samir Handal se yon grenn nan otè entèlektyèl asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse._
« Batay pou laverite ak Lajistis la poko bout. Samir Handal se yon grenn nan otè entèlektyèl asasina Jovenel Moïse la », ekri ansyen chèf gouvènman peyi Dayiti Laurent Lamothe.
Daprè ansyen premye minis la, fòk gen pasyans ki pran avan yo jwenn rès yo. » Fòk jistis ak verite ka blayi », daprè sa l di.
Otorite nan peyi Tiki te arete nan dat 15 novanm 2021 antreprenè Samir Handal, youn nan prezime asasen nan lanmò Jovenel Moïse la ki te gen manda ki te mete dèyè l.