AYITI/ SOSYETE : FONDASYON KONSYANS AK »WORLD VISION » SELEBRE JOUNEN ENTÈNASYONAL DWA TIMOUN YO NAN DEPATMAN NIP

Fondasyon « KONSYANS » nan tèt kole ak òganizasyon non gouvènmantal « World Vision », selebre samdi 20 novanm 2021 an, jounen entènasyonal dwa timoun yo nan premye seksyon « Raymond », komin Titwou Nip.

Selebrasyon an ki te fèt an prezans kòdonatè Kazèk « Raymond » an, Ronald Gerome, prezidan komisyon minisipal Titwou Nip lan, Wilnor Pierre. Nan okazyon an prezidan Fondasyon « KONSYANS » lan, Jean Livens Marck Accime, fè konnen yo òganize aktivite sa ak « World Vision » se pou ede paran timoun yo konnen dwa timoun  yo genyen , epi pou timoun yo kapab detann yo nan jounen sa a.

Sou bò pa li, pwen fokal « World Vision » nan depatman Nip lan,  Emmanuel Hilaire, fè konnen travay yo se vize gwoup ki pi defavorab sitou aprè pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an, pandan li pwofite felisite timoun yo ki toujou vini patisipe.

Kèk nan timoun yo, remèsye fondasyon « KONSYANS » ak « World Vision » pou jounen sa ki pèmèt yo pasel nan lajwa epi mande otorite yo pou respekte dwa yo ak travay pou ba yo lajwa nan kè yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …