AYITI/POLITIK : CAUCUS POLITIK POU SOVTAJ NASYONAL MANDE APLIKASYON AKÒ 11 SEPTANM 2021 AN.

_Nan yon konferans pou laprès, estrikti Caucus politik pou sovtaj nasyonal la, ki gen ladann yon santèn òganizasyon politik ak sosyete sivil, mande premye minis Ariel Henry pou aplike akò politik 11 septanm 2021 an._

Novia Augustin, prezidan federasyon òganizasyon fanm pou egalite ak dwa moun, ki te pran lapawòl nan non òganizasyon an mande aktè yo pou fè yon depasman nan enterè pèp ayisyen an. « Dwe gen yon gouvènman enklizif ki mete sou pye nan sousi pou rezoud kriz la », daprè responsab dwa moun nan.

Pi lwen, madam Novia Augustin, nan lide pou rasanble tout peyi a, mande doktè Ariel Henry pou rankontre ni siyatè akò politik 11 septanm nan, ni moun ki pa t siyen l.

« Fòk gen dispozisyon ki pran pou reyalize yon pwogram apezman sosyal nan sousi pou ede sa ki pi fèb yo pandan fèt fen lane a », pawòl feminis la ki, yon lòt kote, souliye « Kokis politik pou sovtaj nasyonal pa ni yon sipòtè, ni yon patizan. Li sèlman angaje l nan defann enterè nasyon an ».

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …