AYITI/POLITIK : JOSUÉ PIERRE LOUIS NONMEN NAN PÒS SEKRETÈ JENERAL LAPREZIDANS AVÈK RAN MINIS

_Nan yon arete ki soti mèkredi 24 novanm nan, Josué Pierre Louis nonmen nan pòs Sekretè Jeneral Laprezidans avèk ran minis. Li ranplase ansyen minis agrikilti a, Lyonel Valbrun nan pòs sa._

Enstale nan dat 16 septanm nan pòs sekretè jeneral konsèy minis avèk ran minis, mèt Josué Pierre Louis, nonmen, fwa sa, sekretè jeneral laprezidans. Nan pòs sa, mèt Pierre Louis, ansyen prezidan konsèy elektoral pwovizwa nan lane 2012, ranplase Lyonel Valbrun.

Ansyen minis jistis ak sekirite piblik, mèt Josué Pierre Louis pral gen sou responsabilite sekretarya jeneral Laprezidans la.

N ap raple, Josué Pierre Louis te sekretè jeneral laprimati nan lane 2015 pou bout 2016.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …