Peyi Lafrans ap fè fas ak senkyèm vag nan sa ki gen pou wè ak maladi kowona viris la. 32 500 ka kontaminasyon Kovid-19 detekte an 24è nan peyi Lafrans. Nan entèvansyon li fè jounen mèkredi 25 novanm 2021 an, minis sante a, Olivier Véran, anonse yon pakèt mezi pou kwape maladi a.
« Yon dekrè ap rann mask obligatwa nan tout espas piblik yo apati demen vandredi a, menm si pou w gen aksè ak li fò w prezante pas sanitè a », deklare Olivier Véran.
Minis sante a anonse gen lòt mezi ki ap rantre an aplikasyon apati 15 janvye 2021. » Pas sanitè tout fransè soti 18 pou rive 65 lane p ap aktif ankò. Moun sa yo ap gen 2 mwa pou yo pran twazyèm doz vaksen an », daprè sa l di.