AYITI/POLITIK: DIVÈS ESTRIKTI SOSYO-POLITIK VOYE JETE BYEN LWEN NOUVO KABINÈ MINISTERYÈL LA

Gwoup petwo Chalenjè « NOU PAP KONPLIS », konfederasyon Vodou Nasyonal, montre yo pa an akò ak nouvo kabinè ministeryèl premye minis Ariel Henry a. Selon yo, nouvo gouvènman sa se yon pataj gato, daprè plizyè manm estrikti sa yo ki pwofite denonse enterè pèsonèl dirijan yo.

Pòt pawòl gwoup petwo Chalenjè « NOU PAP KONPLIS » la, kritike kèk lidè ak regwoupman politik ki te montre yo nan opozisyon epi ki pat dakò PHTK jodi a ki mare sosis yo menm kote, epi gen moun nan menm gouvènman ak menm ekip PHTK sa.

« NOU PAP KONPLIS » ki deklare pa gen espwa pou yon amelyorasyon nan kriz peyi a ap fè fas la ak gouvenman sila. Estrikti sa envite popilasyon an rete vijilan pou siveye chak grenn aksyon gouvenman sa nan lide pou we eske li nan avantaj yo.

Konfederasyon Vodou nasyonal, entènasyonal ak revolisyonè raple se bò akò montana ki kapab pote yon solisyon pou peyi a ka kanpe.

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …