AYITI/EKONOMI: POSIBILITE POU PRI GAZ LA OGMANTE A LEVE PLIM SOU DO ANPIL MOUN SOSYETE A

Premye minis defakto a Ariel Henry, daprè entèvansyon li te fè nan jou pase yo, pa ekate posibilite pou Leta sispann sibvansyone gaz la. Sa ki lakoz, pri li te konn vann sou mache a ap ogmante konsiderableman. Ajisteman sa ki ka fèt sou pwodui petwolye yo gentan leve plim sou do yon pakèt moun nan sosyete a.

Ayiti ap viv yon sityasyon ekonomi difisil depi plis pase dis (10) lane. Majorite popilasyon an nan grangou e gen yon pakèt malere ak malerèz ki kouri kite kay yo twa dènye lane sa yo akoz lagè ki eklate ant gwoup gang ak gwoup nan yon pakèt katye nan kè Pòtoprens la alòske, nonsèlman Leta a pa ba yo sekirite, men menm Leta sa tou pa ba yo regle anyen pou yo apre yo fin kouri kite kay yo.

Mizè ap vin pi di chak jou. Moun yo se dlo yo ap bat pou fè bè ; kote yo lage de (2) bwa balanse e poutan, Leta sa, nan kontèks ekonomik difisil moun yo ye a, gen entansyon moute pri gaz la. Kòm konsekans, pri pwodui premye nesesite yo ki te deja ap moute bwa ap rive nan yon nivo kote menm yon ti mamit diri ak yon glòs luil moun nan katye defavorize yo p ap kapab achte. E san konte, pri transpò machin piblik yo ap vin pi chè.

Gen moun ki panse olye Leta a moute pri gaz la, li tap pi bon si Leta a ta òganize l pou l fè motosiklèt k ap sikile nan zòn pwovens yo gen plak ak asirans. Konsa, kòb tap rantre nan kès Leta a si, reyèlman se pwoblèm lajan Leta a genyen an.

Gen sila ki ale pi lwen, ki mande kontwole dwàn yo epi koupe franchiz kèk gwo chabrak nan sektè prive a.

Dènye fwa pri gaz la te moute an Ayiti, peyi a te fè nenpòt 2 jou kote te gen anpil deblozay ladann. Se te nan dat 6-7 jiyè 2018 sou administrasyon defen Jovenel Moïse.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …