AYITI/ENSEKIRITE: MET CALEB JEAN BAPTISTE AKIZE MANM NAN GWOUP KI POTE NON SEKTE DEMOKRATIK E POPILE A NAN TOUYE MOUN

Entèvni nan jounal Gran Boulva sou Radyo Karayib jounen madi 30 novanm nan, mèt Caleb Jean Baptiste lonje dwèt sou yon manm nan sektè demokratik e popilè a ki ta dèyè asasina ki te fèt sou militan politik Ti blan Tatou.

« Li yon ti jan wouj. Li se yon manm enfliyan nan sektè demokratik e popilè a », deklare avoka angaje a nan mikwo Guerrier Dieusel ak Pierre Renel René.

Pwòch ansyen opozisyon an, mèt Caleb Jean Baptiste fè konnen li gen prèv. » Gen plent ki pral depoze nan jou k ap vini yo », daprè sa l di.

Yon lòt kote, avoka ajoute lè yo envite li nan reyinyon li ale dezèd tan avan lè reyinyon an ta dwe kòmanse. » M pa fè yo konfyans. Yo pa wè lè m ale », Caleb Jean Baptiste ki, pi lwen, deklare li pa rekonèt Ariel Henry kòm chèf.

N ap raple sektè demokratik e popilè a gen manm li ki anndan gouvènman Ariel Henry a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …