AYITI/ENSEKIRITE: YON SOU KOMISARYA NAN KAPITAL PEYI DAYITI RETE FÈMEN POU BANDI.

_An Ayiti, anyen prèske pa etone pèsòn. Depi apre gwo lagè ki eklate ant gwoup gang ak gwoup gang nan rantre sid kapital la, sou komisarya ki nan nivo Matisan tou rete fèmen jiska jounen 30 novanm 2021 an._

Lapolis Nasyonal Dayiti bat ba fas ak nèg ak zam kap feraye nan rantre sid kapital la. Nonsèlman fòs lòd yo pa ka fè lapè ak lòd retounen nan katye lagè a te afekte yo, men tou, menm sou komisarya ki chita kò li nan Matisan an otorite Lapolis tou pa ka osnon pa vle relouvri.

Moun ki ap travèse rantre sid kapital la lage pou kò yo sou wout la. Yo pa gen yon kote depi yo rive yo ap santi yo an sekirite sou wout nasyonal nimewo 2 a. Otorite Lapolis ak Lajistis, jiskaprezan, malgre moun ap pede mouri poko janm pran dezisyon pou sa sispann.

KOMISARYA MAT

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …