LE MONN/NOFRAJ: SET (7) MIGRAN AYISYEN PEDI LA VI YO NAN YON NOFRAJ BATO NAN LIL TURKS & CAÏCOS

La polis nan Zil Turks & caïcos konfime lanmò sèt (7) migran ayisyen mèkredi premye desanm 2021 am nan yon nofraj bato.

Bato sa ki fè nofraj aprèl fin fè kolizyon ak yon patrouy gadkot teritwa britanik, daprè otorite Turks & Caïcos yo gatkot la tap tante sipèvize bato sa ki tap transpòte ayisyen yo nan moman nofraj la ki fèt nan lè 9 è 40 PM nan rejyon nòdwès.

« Se pa sa nou te espere, nou ap konfwonte yon trajedi jodi a, nou pa konnen konbyen resòtisan ayisyen ki te nan bato a,nap kontinye chache pou’n rive jwenn rès moun ki nwaye yo, nou voye senpati nou bay fanmi moun ki mouri yo », deklarasyon Kendall Grant ki se komisè a.i la polis turks & caïcos.

Alòske, Divès sitwayen nan peyi Dayiti mande pou yon ankèt louvri sou sa ki ta lakoz nofraj sila, tout fwa yo fè konnen li posib pou se patrouyè yo ki koule bato sila.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …