AYITI/PNH: CHÈF LAPOLIS NASYONAL DAYITI A AK DE (2) ENSPEKTÈ VIZITE « CÔTE DES ARCADINS

_Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti a, Frantz Elbé nan tèt kole ak enspektè jeneral Joany Caneûs e Jean Gardy Muscadin vizite jounen madi 30 novanm 2021 an  » Côte des Arcadins » nan kad aplikasyon plan sekirite ki rele  » retounen nan plaj »._

Objektif vizit sa pou sekirize perimèt entèn, ekstèn ak wout ki mennen nan otèl ak plaj yo nan nò peyi a, daprè Lapolis la.

Pandan enspeksyon sa, chèf Lapolis la, Frantz Elbé, dirije pou yon lòt fwa ankò yon atelye travay ak yon pakèt responsab minisipalite nan Akayè ak Monri.

N ap raple, inosan pa sispann mouri anba bal nèg ak zam nan rantre sid kapital la, nan Matisan ak Fontamara.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …