AYITI/ ESTA: SHABBA ANONSE DIVÒS LI AK MADANM LI

_Shabba ki gen pou bon Hervé Anténor anonse li ap fè yon kraze kite sa nan relasyon li te gen ak madanm li Diane Claude Anténor. Nan yon nòt li fè soti, ansyen mizisyen djakout #1 la pa site rezon ki lakoz li ap pran desizyon sa._

Chantè ak mizisyen gwoup Ekip la, Shabba fè konnen li deja depoze dosye a devan avoka li. Toutfwa, espesyalis nan bat tanbou a afime li fè tout sa ki depann de li pou relasyon an te mache nòmal, men malerezman sa pa janm retounen jan sa te ye avan an.

Alòske nouvèl sa ap fè anpil pale anpil sou rezo sosyal yo, men poutan, malgre tout bri sa yo, gen moun ki rete kwè sa ka rive chantè Ekip la retounen sou desizyon li.

 

Kredi foto: Ticket

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …