AYITI/ EDIKASYON: MINIS NESMY MANIGAT CHITA PALE AK PLIZYÈ MANM SEKTÈ EDIKASYON AN NAN DEPATMAN NIP

Nouvo minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la ki gen sig nan lang fransè (MENFP), Nesmy Manigat, rankontre epi chita pale jounen dimanch senk (5) desanm 2021 an, ak plizyè manm sektè edikatif la nan depatman Nip.

Minis Nesmy Manigat, fè konnen vizit sa a rantre nan depatman an se pou te kapab pale ak pèsonèl direksyon depatmantal Nip yo, enspektè yo ak anseyan ki fè pati sistèm edikatif la nan depatman pou te kapab pran doleyans yo, sou pwoblèm edikasyon an ap rankontre ak pou fè kontinite Leta. Pilwen, minis Nesmy Manigat kwè se te okazyon pou li te kapab gade ki chanjman pou pote nan aprantisaj edikasyon an nan peyi a parapò ak eta ijans ki gen nan peyi Ayiti.

Yon lòt bò, minis Nesmy Manigat, ki presize parèt li nan tèt ministè ak douz (12) mezi yo depi parèt li kel te kòmanse aplike kèk ladan tankou mezi 10, ki bay priyorite ak moun ki gen konesans nan edikasyon ki pou nome nan sistèm lan, mezi 1, ki mande pou kreye yon rejis nasyonal anseyan pou bay moun nan sistèm lan yon pèmi pwovizwa pou anseye ak mezi ki pale sou akreditasyon chak lekòl nan peyi a.

Pou fini, minis Nesmy Manigat, anonse li pral gen pou rankontre ak plizyè patnè yo ki te fè pwomès aprè pasaj tranbleman tè nan Gran Sid la, pou kapab demare ak kèk konstriksyon ak reyamenaje lekòl ki kraze yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …