AYITI/ENSEKIRITE : YON PISAN CHÈF GANG BLOKE MATISAN, PREMYE MINIS DEFAKTO A AK DIREKTÈ LAPOLIS LA PA DI YON MO

Rantre Sid Kapital la, nan Matisan bloke depi lendi 5 desanm 2021 an kote nèg ak zam ki kontwole katye sa yo t ap twoke kòn yo. Nan kad demonstrasyon nèg ak zam yo t ap fè, yo menm arive pran kontwòl komisarya nan Matisan an. 24è apre, pyès otorite nan Leta a, patiklyèman chèf gouvènman an, Ariel Henry ak Frantz Elbé, direktè jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti pa ni di yo mo, ni poze okenn aksyon kont sa ki pase a.

Pyès moun pa ka pase Matisan jounen madi a. Yon pisan chèf gang te gentan anonse sa depi nan lendi nan yon mesaj vokal ki t ap sikile sou rezo yo. Nèg ak zam yo ap taye banda nan rantre Sid Kapital anba je otorite Lapolis yo.

Matisan bloke. Machin pa ka travèse. Madan sara ki soti nan Gran Sid peyi a pa ka rantre ak sa yo pote pou vann yo. Sityasyon an malouk pou yon pakèt moun ki oblije pase Matisan pou yo ka ale chache kote lavi fè kwen nan Pòtoprens.

Premye minis defakto a, doktè Ariel Henry ak Frantz Elbé, direktè jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti jis kounya, parapò ak tout deblozay ki pase Matisan semèn sa poko janm di, ni poze yon aksyon.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …