AYITI/GAZ: MOÏSE JEAN CHARLES REYAJI SOU GAZ LA GOUVÈNMAN DEFAKTO A MOUTE A.

Touswuit apre gouvènman defakto Ariel Henry a fin chwazi moute pri gaz la, lidè platfòm politik pitit Dessalines nan, Moïse Jean Charles fè konnen gouvènman an pèdi chimen li.

Ansyen senatè depatman Nò a, nan yon twit li fè, fè konnen li te mande gouvènman Ariel Henry a pou rezoud pwoblèm sekirite a prese prese pou fasilite eleksyon pou rezoud gwo pwoblèm yo. Pami yo, sekirite, chomaj kidnapin elatriye.

Ansyen kandida pou pòs prezidan nan eleksyon 2015 yo sezi wè Ariel Henry se gaz la li moute. » Olye sekirite, se gaz li manyen. Si chomaj pa bese, gaz pa ka moute. Gouvènman an pèdi. Gouvènman an pèdi chimen l », selon Moïse Jean Charles

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …