AYITI/ASASINA: YOUN NAN MOUN KI AKIZE NAN LANMÒ ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE YO RIVE CHAPE POUL LI.

_Ansyen senatè Lwès la, John Joël Joseph rive kite peyi a gras ak sipò Laprimati ak sekretè jeneral palè nasyonal la, Josué Pierre Louis daprè rezo nasyonal ki ap defann dwa moun nan ( RNDDH)._

RNDDH ki gen nan tèt li Pierre Espérance, fè konnen ansyen senatè Lwès la, John Joël Joseph ki se yon prezime asasen nan asasina Jovenel Moïse la rive kite peyi a gras ak sipò Laprimati ak sekretè jeneral palè nasyonal la.

Daprè militan ki ap defann dwa moun nan, aksyon sa ki poze a ranfòse dout ki gen sou Ariel Henry ak PHTK nan asasina Jovenel Moïse la.

N ap raple, depi apre lanmò chèf Leta peyi Dayiti nan dat 7 jiyè 2021 gen yon pakèt moun Lapolis ak Lajistis ayisyèn ap chache nan kad ankèt ki ap mennen sou dosye a. Pami yo, ansyen senatè depatman Lwès la, John Joël Joseph, Joseph Badio Félix ak jij Wendelle Cop Thélot.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …