Komite patrimwàn kiltirèl UNESCO mete soup joumou nan lis reprezantativ patrimwàn imateryèl limanite jounen jedi 16 desanm 2021.
Istorik. Malgre sityasyon difisil peyi Dayiti ap fè fas sou plan politik e ekonomik, Kilti ayisyen an ap make pwen sou sèn entènasyonal la. « Komite patrimwàn kiltirèl imateryèl la deside mete soup joumou nan lis reprezantativ patrimwàn imateryèl limanite », ekri sou kont twitè UNESCO.
Nan kilti ayisyen an, soup joumou senbolize linite e se pa kounya, men se depi zansèt nou yo t ap pwoklame endepandans peyi a nan vil Gonayiv 1 janvye 1804. Li se yon soup tradisyonèl ki ap taye banda nan sosyete a depi digdantan ki fèt ak joumou, legim, vèmisèl, vyann elatriye.
N ap raple, soup joumou an tou senbolize idantite, sa vle di makfabrik pèp ayisyen an ak koyezyon sosyal.
Jackson junior Rinvil