AYITI/ KIDNAPIN : RÈS MISYONÈ KITE NAN MEN GANG  » 400 MAWOZO » YO JWENN LIBERASYON YO

Kenz (15) misyonè ki te rete nan men gwoup  » 400 Mawozo » yo jwenn liberasyon yo jounen jedi sèz (16) desanm 2021 an, selon enfòmasyon ki rive nan redaksyon Echo Jounal.

Gwoup misyonè sa yo ki te kidnape depi nan dat sèz (16) oktòb la, nan moman yo t ap sot nan yon òfelina ki nan komin sa a. Kote aprè anlèvman yo baz  » 400 Mawozo » te mande disèt (17) milyon dola ameriken.

N ap siyale, « FBI » ak polis nasyonal la te kòmanse ap negwosye sou liberasyon men ki pat rive fèt.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …