AYITI/POLITIK/ISTWA : 16 DESANM 1990-16 DESANM 2021 SA FE ANVIWON 31 LANE DEPI AYITI TE KONNEN PREMYE ELEKSYON DEMOKRATIK LI

16 desanm 1990 , yon jou tankou Jodi a,pou premyè fwa peyi Dayiti ta pral konnen eleksyon demokratik aprè yon konsiltasyon masif kote 99,8% nan popilasyon an te di wi ak la demokrasi.

Fon nasyonal pou chanjman ak demokarasi (FNCD ) se non pati politik sa ki te gen kòm prezidan JEAN-BERTRAND Aristide ki te rive totalize 67,47% vwa nan eleksyon sila yo, epi rive ranplase Herta Pascal 11 mwa aprè 7fevrier 1991, epi rive mete 13 senatè ak 27 depite, san nou pa bliye Gran rival lan ,alyans pou demokrasi ak pwogrè(ANDP) menm bò kote pal avèk 14% plase 17depite ak 6 senatè

Prezidan popilè JEAN-BERTRAND te eli kòm prezidan nan eleksyon an,li mennen bak peyi an pandan selman 8 mwa.

Depi epòk sila demokrasi tap panpannen tou pa tou, batay pou pouvwa, pou anpil moun se te direksyon ki tap kondwi peyi a, pèmèt peyi a avanse.

Sòti Nan lane 1990, pou rive jounen Jodi a deja fè anviron 31 lane, eske rezilta demokrasi a pa pouse peyi Nan la Bim??

Tradisyon yo disparet , respè preske pa ekziste, se bri bal, kidnapin, Yon chèf gang nan chak katye, diktati pase , demokrasi mete Pye anyen pa chaje , ki sa peyi dayiti ap tann poul avanse ?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …