AYITI/FOUTBÒL:  DUCKENS NAZON ANONSE GEN YON DIYO MOUN NOU PAP JANM WÈ TOUTOTAN PA GEN YON VRÈ ANTRENÈ NAN SELEKSYON AN

_Nan yon twit li fè, Duckens Nazon anonse gen yon diyo fanatik foutbòl nan peyi Dayiti p ap janm wè ankò toutotan pa gen yon vrè antrenè nan tèt seleksyon an ak toutotan federasyon an pa pran dispozisyon pou sa chanje vrèman._

Nan twit sa ki gen foto Nazon ak Frantzy Pierrot, atakan vedèt seleksyon nasyonal la toujou poko deside moute menm cheval ak antrenè grenadye yo, Jean Jacques Pierre.

« Nou p ap janm wè diyo sa ankò tan ke pa gen yon vrè kotch ki vini e yon vrè chanjman nan federasyon an si yo vle avanse », ekri, jwè, sa gen twa lane ki se te youn nan chouchou pèp ayisyen an.

Nou ap raple Duckens Nazon pa danse kole ak Jean Jacques Pierre depi apre dènye koup dò Ayiti te patisipe a. Nan kad deblozay ki te gen nan tounwa sa, Duckens Nazon te bay yon lòt jwè seleksyon an kalòt e se li menm ki te admèt sa nan yon layv fesbouk kote li te tou prezante eskiz li pou move konpòtman sa.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …