Yon aksidan avyon ki fèt maten dimanch 19 desanm 2021 an, nan peyi Ostrali lakoz kat (4) moun mouri, selon anons lapolis nan peyi a.
Daprè enfòmasyon Lapolis peyi Ostrali, avyon sa fè « Crash » la nan lanmè « Brisbane » nan peyi Ostrali. Toujou daprè otorite yo, aksyon an pase depi maten deja gen yon operasyon pou rechèch ki lanse ak plizyè inite nan Lapolis nan peyi Ostrali pou kapab chache lòt viktim yo.
Nan kad premye rechèch yo, komisè polis vil « Queensland » lan, Katarina Carroll, fè konnen avyon an fè » Crash » la nan mitan lanmè a men seri sovtè yo ap travay pou ede kèk lòt moun sòti vivan.