LEMOND/ ELEKSYON: YON NOUVO PREZIDAN ELI NAN PEYI CHILI

Peyi Chili gen yon nouvo prezidan ki pral pran tèt li. Kandida goch pwogresis la, Gabriel BORIC pwoklame ofisyèlman prezidan nan peyi Chili, daprè anons otorite elektoral yo dimanch 19 desanm nan. Gabriel BORIC fè 56% vwa kont 44% pou kandida ekstrèm dwat la, Jose Antonio Kast.

Ideyoloji gochis la retounen pran pouvwa nan peyi Chili. Nan katye jeneral Gabriel BORIC, santyago, kapital peyi Chili, te gen anpil klaksòn . Kandida goch pwogresis la se li ki prezidan. Se li ki ranpòte eleksyon prezidansyèl yo ak dezyèm tou ki fèt ayè dimanch la pandan l gen 35 lane sou tèt li.

Opozan li a, kandida ekstrèm dwat la, Jose Antonio Kast, pa t pran tan pou l te rekonèt li pèdi eleksyon yo. » M fèk sot pale ak Gabriel BORIC, m feliste l pou viktwa a. Li se jounen jodi a prezidan eli peyi Chili e li merite tout respè m ak kolaborasyon ki kapab ede Chili vanse. Chili pase avan tout bagay », twite José Antonio Kast, rapòte RFI.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …