AYITI/ KIDNAPIN: BANDI AK ZAM KIDNAPE DE (2) ENJENYÈ KIBEN

Bandi ak zam kidnape de (2) enjenyè Kiben ki se Andrid Arfredo Abad ak Unides Gallano, nan moman yo t ap rantre nan biwo Imigrasyon ki nan zòn  » Lalue » nan komin Pòtoprens. De (2) enjenyè sa yo t ap travay pou konpayi « Auto Plaza ».

Direktè jeneral « DINEPA », Gutho Édouard, mande liberasyon de (2) resòtisan enjenyè peyi Kiba sa yo, pou kapab evite relasyon diplomatik ak pwofesyonèl Ayiti ak peyi Kiba pa gen difkilte. Pilwen, mouche Gutho Édouard, fè konnen plizyè enjenyè, medsen kiben ki ap travay nan peyi Ayiti kòmanse enkeyete aprè kidnapin sa a.

N ap fè remake, pòt pawòl Wiston Choalter òganizasyon  » Christian Haid Ministers », fè konnen douz (12) resòtisan misyonè Nò-ameriken yo te oblije òganize yon evazyon pou te kapab libere e menm rive kase pòt baryè kote misyonè sa yo te ye. Pliwen, responsab la ajoute misyonè sa yo te mache sèz (16) kilomèt avan yo te rive sove.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …