Jounen madi 21 desanm 2021 an, sendika travayè sante (STS) ak federasyon nasyonal travayè sante(FENATRAS) rankontre laprès pou denonse mouche Leta ak drese yon tablo sonm sou pwoblèm lopital inivèsite Leta ap rankontre. Sendikalis sa yo lonje dwèt sou premye minis defakto, enkilpe Ariel Henry kòm doktè anbandone lopital la epi pa fè ka travayè ak travayèz sante yo.
» Jodia nou devan laprès poun mande mouche Leta èske yo ap fin kraze lopital la nèt? paske lopital la pa gen anyen pou li fonksyone menm yon twal gaz pa genyen pou okipe yon pasyan », deklarasyon prezidant STS la Madam Évelyne Frémont. Sendikalis la, kontinye pou li di menm yon jeneratris ki nan lopital la li pap fonksyone akoz li pa gen gaz.
Sou bò pa li, prezidan FENATRAS la lanse yon iltimatòm bay dasomann Ariel Henry pou li dil si li pa peye travayè sante nan fen mwa a y ap mete pye yo atè epi yap bloke tout lopital Leta yo. Sepandan Sendikalis la, kwè Leta sipoze ogmate salè yo peye yo swasant mil (60 000) goud paske kou lavi vin twò chè.