AYITI/ SANTE: POU PI PITI 30 POLISYE RESEVWA FÒMASYON API SIKOLOJIK NAN DEPATMAN NIP

Sou inisyativ Komisyon Jistis ak Lapè dyosèz Ansavo/ Miragwàn ( CJILAP) Nip, trant (30) polisye ki sòti nan divès inite nan direksyon depatmantal polis Nip resevwa fòmasyon sou twomatizasyon, jounen mèkredi 22 desanm 2021 an, nan komin Miragwàn.

Direktè Komisyon Jistis ak Lapè dyosèz Ansavo/ Miragwàn lan, pè Renel Gilles, fè konnen fòmasyon sa reyalize aprè konsta yo te fin fè sou Kòman polisye ap travay epi ki viktim yon bann chòk mantal pami yo tranblemantè katòz (14) dawout ki te pase nan gran Sid la. Responsab la, ki ankouraje otorite nan Leta pou bay ak polisye yo akonpayman sikolojik pou ede polisye yo rive fè travay yo pi byen.

Direktè (CJILAP) Nip la, pè Renel Gilles, presize Komisyon Jistis ak Lapè, toujou travay ak plizyè gwoup nan sosyete a pou kapab ranfòse kapasite yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …