AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS ARIEL HENRY RANKONTRE AK REPREZANTAN YON PAKÈT GWOUPMAN AK PATI POLITIK

Premye minis defakto a Ariel Henry, rankontre jounen mèkredi 22 desanm nan, yon pakèt reprezantan gwoupman ak pati politik ki gen nan peyi a nan kad yon koktèl echanj ak pataj ve nan okazyon fèt fen ane yo, daprè biwo kominikasyon Laprimati.

Doktè Ariel Henry, pandan rankont sa raple ane 2022 a se pral yon lane elektoral. » Li enpòtan pou n remete peyi a sou wout demokrasi. Reyalizasyon eleksyon lib, onèt ak demokratik yo enkontounab », daprè mouche Ariel Henry.

Yon lòt kote, li fè konnen moman an rive pou tout fòs viv nasyon an mete fòs yo ansanm nan sousi pou pasifye peyi a e asire byennèt popilasyon an.

N ap raple, depi lè doktè Ariel Henry chèf CSPN nan, Lapolis Nasyonal Dayiti poko janm mennen yon operasyon vize fè lapè ak lòd retounen nan Matisan kote zak kidnapin ak ensekirite pa janm sispann taye banda.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …