YON PREZIME BANDI KI SOTI NAN KOMIN PETYONVIL JWENN ARESTAYON LI NAN VIL OKAY

Lapolis nan Okay mete anba kòd Chery Antoine jounen vandredi 31 desanm 2021 an pandan fòs lòd yo tap fè yon tchèk pwent.

Chery Antoine soti nan komin Petyonvil, lokalite jalouzi. Li te gen pou destinasyon komin Bomon ki nan depatman Grandans.

Fòs lòd yo jwenn de(2) zam 9 mm nan men Chery Antoine. Annatandan swit legal yo, otorite Lapolis yo mete Chery Antoine nan gadavi nan komisarya Okay la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …